
Vladimir Tony
Pa gen 1e Janvye san soup joumou. Pou ayisyen natif natal parèyanm yo, soup joumou an raple nou premye manje lendepandans la.Kisa tradisyon an fè nou konnen ?
Se enperatris Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines ( se tout non li) ki te fè l’ epi mande separe soup sa bay tout moun agogo jou 1e janvye 1804 la jiska 7 janvye. Se te kè kontan toupatou.Soup la senbolize viktwa ak libète. Selon pwofesè Bayyinah Bello, madan Dessalines te jwenn nan joumou an, yon manje ki pou kenbe solda yo djanm pandan plizyè jou paske nan moman ayisyen t’ap fete a,peyi te manke resous agrikòl apre lagè endepandans. Soup joumou an non sèlman se manje linyon tout pitit tè a( nèg ak milat ) men li se senbòl pataj.Jouk jounen jodya , chak premye janvye vwazen ak vwazin voye bòl ale, bòl vini. Ayisyen kenbe tradisyon sa a.
Gen anpil nan nou k’ap mande poukisa se joumou an ?
Eske soup joumou an pa genyen éfè mistik ?
Repons la se WI.
Nan fouye zo nan kalalou mwen dekouvri ke se pa ayisyen ki premye sèvi ak joumou an pou fè mistik. Rityèl sa te fèt 4mil lan (4000 lan) avan Claire Heureuse te pwopoze Dessalines li. Nan mitoloji pèp sèlt la ( Celte ) yo sèvi ak joumou pou selebre yon fèt ki rele Samain. Fèt sa a se yon fason pou make tranzisyon yon sezon a yon lòt. Pèp sèlt la ( Celte ) an majorite Ilandè ( Irlandais) emigre Ozetazini, kontinye fete fèt sa jouk jounen jodya. Yo selebre l’ chak 31 Oktòb ak 31 Desanm. Fèt sa vin transfòme an alowin ( Halloween ) nan peyi Etazini. Si nou byen gade ,n’ap wè nan Alowin ( Halloween ) toujou gen yon joumou ( potiron ) ki gen limyè k’ap klere ladan.
Donk sou plan mistik, joumou an atire anpil antite ak jeni.Listwa Jack Stingy ( Jack-O’- lantern ) nan peyi Iland ( Irlande ) fè nou konnen ke plant la ka ede nou jwenn fòs ak enèji epitou pirifye nanm nou pou tout move zak nou fè nan ane pase yo oubyen nan lòt vi ( pou moun ki kwè nan reyenkanasyon ).
Soup joumou an genyen yon valè tradisyonèl, yon valè mistik.
Kite m’ pataje ak nou byenfè li sou sante nou.
Joumou an se yon plant ki rich an :
-potasyòm
– Vitamin A
-Li bon pou fonksyònman entèsten nou
-Li diminye risk pou fè kansè paske li genyen( Caroténoïdes)
-Li antiwoksidan ( li kenbe nou jèn gras a koulè jòn nan )
-Li bon pou pwostat
-Li redui risk pou fè maladi kè
-li gen fosfò ( ki kenbe zo yo ansante )
-Li gen magnezyòm, Fè,Zen, Manganèz , kuiv , Vitamin B2 , Asid palotenik, Vitamin C, Vitamin E.
Ou kapab itilize joumou pou fè vizaj ou bèl. Li ede po a sikatrize pi vit. Li bon pou moun ki boule sou po.
M’ap raple nou ke premye soup lendepandans la pa te gen vyann ladan akòz pwoblèm ekonomik.
Jounen jodya a li genyen kawòt,pòmdetè, yanm,espageti,makawoni, vyann bèf.Pou mwen menm , mwen toujou mande pou yo ajoute donmbòy nan kinanm nan.
Si w’ vle achte yon bon JOUMOU 100pou100 lokal klike sou ekriti wouj la.
Fòk mwen di w’ tou ,lakayanm se pa sèlman 1e Janvye moun bwè soup.Chak dimanch ou ka mete enèji ak soup majik la ak joumou sa
Si w’ vle bwè soup chak dimanch , me yon bon joumou peyi bio 100pou100 natirèl ( klike sou ekriti wouj la).
Vladimir Tony
This email address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it.
Depi avan wa te Kaporal, gran paran yo te konn itilize lay pou bay manje bon gou . Shabba Djakout di : pi piti , still pi rèd . Se komsi atis la te konnen.LOL. Plizyè etid montre LAY bon pou lasante e li konbat anpil maladi. Bagay ou pa ta imajine…
Mwen pra l esplike w kantite maladi li epanye epitou koman ou ka itilise l pi byen .
Ou pra l’ konsidere LAY la yon lot jan nan kwizin, nan makèt , nan mache ak nan layo ti machann .
Pran kreyon w pou ou make oubyen pataje atik la pou pa bliye konsèy yo
Lay la genyen anpil vitamin tankou : A , B1,B2, C.
Lay gen yon bagay ki rele « allicine ». Sa pèmèt li goumen kont viris ak bakteri nan ko w.
Li pi bon si ou manje lay lè w leve nan kabann a jeun ( avan w manje).
*Fatig :* Li ede ko a rekipere lè w fatige. Lè w’ pa ka domi. Lè w santi tristès ak tèt fè mal.
*Dyèt :* Pou moun ki santi yo two gwo.
*San ak atè :* Lay la pirifye san epi li anpeche atè yo bouche. Li bon pou moun ki fè tansyon.
*Poumon ak Sistèm respiratwa :* Lay ede nan pwoblem larim,sinizit, tous gra ak glè. Li bon pou moun ki fè tibèkiloz.
*Fwa :* Si fwa a mal fonksyone , tout lot sistem nan ko a ap deregle.Lay la ede fwa travay pi byen.
*Ren ak Vesi :* Lay la ap pèmèt ou swaye tout enfeksyon ren ak vesi. Mwen konseye w manje lay la kri chak jou.
*Dijesyon :* Lay ede moun ki konstipe ( pa ka poupou )
*Anemi :* li ede ko a defann tet li. Li bon pou mou ki pedi apeti.
*Antibyotik :* li tiye vè nan vant ou tankou tenya ,askaris.
*Rajeni :* Li se yon antiwoksidan, sa pèmèt li ede selil po kò nou rejenere. Li repare tisi po kò a. Donk ou rete jèn. Si ou fè ou mete l sou visaj ou la p rann po w dous epi rajeni w.
Rechèch yo montre lè w manje lay la kri , li anpeche w fè kansè nan lestomak ak kansè kolorektal. Lè w bouyi lay la oubyen li fri 90 % nan efè yo detrui. Manje lay la tou kri .
*Enpotan :*
Si Gèp mòde w oubyen lòt ensek , retire dan bèt la epi fwote kote l pike w la ak yon moso lay. Si ou gen k nan pye ou byen plat men rèd, pile yon gous lay epui mare l sou li aswè avan ou dmi. Apre 15 jou wap jwenn rezilta. Li toujou bon pou ou genyen lay nan kay la sitou si ou genyen timoun , paske li elwaye movèzespri.
Pran kreyon w pou ou make oubyen pataje atik la pou pa bliye konsèy yo_
*ATANSYON !!!*
Fanm k’ap bay ti bebe tete pa sipoze manje lay. Poui timoun yo, kontwole kantite nap ba yo.
Eske ou konnen tout sa w ka fè ak GRENN zaboka ??
Eske ou konnen tout sa w ka fè ak GRENN zaboka ??
Grenn zaboka sèvi zorye anba latcha , aswè a m’… LOL. Ou konn ti chante sa, Pa vre ? Zaboka se yon frui ki gou e ki bon pou sante w. Ou pa fè yon lide ke grenn li w’ap jete a ou ka manje l’ paske li gen anpil valè tankou frui a. Ou ka mete l’sou po w , pou trete pwoblem doulè , pwoblèm atikilasyon ak pwoblèm nan mis yo.
Mwen pral di w koman ou ka itilize grenn zaboka a , yon fason pou w pwofite anpil de li kom tretman natirel pou maladi ak moun ki vle kase vant yo.
Ou prè ?
Men sa ou ka benefisye nan grenn zaboka a
Se yon antiwoksidan, li fè prevansyon vyeyisman selil yo Li fè prevansyon maladi kè. Li ranfose defans iminitè ko a ,epui li ede konbat maladi moun pran nan mikwob, djondjon ak parazit. Li ede moun ki vle pedi grès ( fè dyèt) paske frui zaboka genyen anpil grès.Li trete dyare ak inflamasyon. Li ede gason ki pa sou sa e fanm ki pa sou gason ( libido) donk li afwodizyak. Li bon pou fatig. Li soulaje pwoblèm jwenti ( atikilasyon ) ak pwoblèm mis. Li ede moun ki gen malkadi ( maladi tonbe ). Li pèmèt ou elimine bouton ak klou lè ou mete l sou po, li seche pij la rapid. Li bon pou moun ki gen twoub glann tiwoyide. Li pèmèt moun rete jèn lè w mete l sou po ko w. Li favorize fomasyon kolajen. Li ede moun ki asmatik
Fason ou ka itilize li
ATANSYON !!! tanpri pa manje grenn zaboka a anpil paske li ka fè nou konstipe ( pa ka poupou )
Grenn zaboka a gen gou anmè paske li kapab geri nou. Pou nou manje , retire ti po mawon ki sou li a . Rape l epui mete l griye sou dife. L’ap vin tou wouj. Konsa Ou ka:
mete l bouyi pou fe dite pandan 10 minit . Bwe l pandan tout jounen an.Itilize l kom akonpayman nan salad,ragou,soup,espageti, diri , eks Enpotan : Si ou moulen grenn zaboka a epui ou melanje l ap farin ak fromaj l’ap ba ou pwazon pou rat.
Divès Fason ou ka mete li sou po
Koupe grenn zaboka a an ti moso. Mete l tranpe nan alkol pandan yon semenn. Ou ka itilize alkol sa pouf è masaj ak friksyon sou kote w santi doulè atikilasyon ak mis yo.Si w gen tèt fè mal , fè yon ti masaj tou piti nan letanp ak bo kote sevo a .Avek poud grenn zaboka a ou ka prepare yon pat . Wap depose sou bouton ak klou . Y’ap seche rapid. Melanje poud la ak dlocho jiskaske li ba ou yon pat . Mete pat la nan yon twal gaz .Depoze sou pow pandan 5 a 10 minit jiskaske pat la sech . Fè sa chak jou ,wap jwenn bon rezilta.Pou fè cheve klere e pou retire kap : rape grenn nan kri, san w pa griye l’.Melaje l ak lwilmaskriti epui ki te l poze pandan yon jou. Ansuit friksyone po tet la avè l’ . Kouvri tèt ou avek yon sèvyèt oubyen yon kapichon transparan .Apre inèdtan rense cheve w. Pa fè trètman sa ,si w gen cheve gra.Ou ka depoze poud grenn zaboka a direkteman sou po a po fè l kenbe.