Manchu Crick Players
www.yoursite.com
Follow your players and get updated as it happens.
Lumia Football Gru
www.yoursite.com
Follow your players and get updated as it happens.

Men POUKISA ou dwe MANJE LAY pi souvan*

Written by 

 Depi avan wa te Kaporal, gran paran yo te konn itilize lay pou bay  manje bon gou .  Shabba Djakout di : pi piti , still pi rèd . Se komsi atis la te konnen.LOL. Plizyè etid montre LAY bon pou lasante e li konbat anpil maladi.  Bagay ou pa ta imajine…

 

 Mwen pra l esplike w kantite  maladi li epanye epitou koman ou ka itilise l pi byen .

 Ou pra l’ konsidere LAY la yon lot jan nan kwizin, nan makèt , nan mache ak nan layo ti machann .

 Pran kreyon w pou ou make oubyen pataje atik la pou pa bliye konsèy yo

 

 Lay la genyen anpil vitamin tankou : A , B1,B2, C.

 Lay gen yon bagay ki rele « allicine ». Sa pèmèt li goumen kont viris ak bakteri nan ko w.

 Li pi bon si ou manje lay lè w leve nan kabann a jeun ( avan w manje).

 *Fatig :* Li ede ko a rekipere lè w fatige. Lè w’ pa ka domi. Lè w santi tristès ak tèt fè mal.

 *Dyèt :* Pou moun ki santi yo  two gwo.

 *San ak atè :* Lay la pirifye san epi li anpeche atè yo bouche. Li bon pou moun ki fè tansyon.

 *Poumon ak  Sistèm respiratwa :* Lay ede nan pwoblem larim,sinizit, tous gra ak glè. Li bon pou moun ki fè tibèkiloz.

 *Fwa :* Si fwa a mal fonksyone , tout lot sistem nan ko a ap deregle.Lay la ede fwa travay pi byen.

 *Ren ak Vesi :* Lay la ap pèmèt ou swaye tout enfeksyon ren ak vesi. Mwen konseye w manje lay la kri chak jou.

 *Dijesyon :* Lay ede moun ki konstipe ( pa ka poupou )

 *Anemi :* li ede ko a defann tet li. Li bon pou mou ki pedi apeti.

 *Antibyotik :* li tiye vè nan vant ou  tankou tenya ,askaris.

 *Rajeni :*  Li se yon antiwoksidan, sa pèmèt li ede selil po kò nou rejenere. Li repare tisi po kò a. Donk ou rete jèn. Si ou fè ou mete l sou visaj ou  la p rann po w dous epi rajeni w.

 

Rechèch yo montre lè w manje lay la kri , li anpeche w fè kansè nan lestomak ak kansè kolorektal. Lè w bouyi lay la oubyen li fri  90 %  nan efè  yo  detrui. Manje lay la tou kri .

 

*Enpotan :*

 Si Gèp mòde w oubyen lòt ensek , retire dan bèt la epi fwote kote l pike w la ak yon moso lay. Si ou gen k nan pye ou byen plat men rèd, pile yon gous lay epui mare l sou li aswè avan ou dmi. Apre 15 jou wap jwenn rezilta. Li toujou bon pou ou genyen lay nan kay la sitou si ou genyen timoun , paske li elwaye movèzespri.                   

Pran kreyon w pou ou make oubyen pataje atik la pou pa bliye konsèy yo_

 *ATANSYON !!!*

 Fanm k’ap bay ti bebe tete pa sipoze manje lay.  Poui timoun yo, kontwole kantite nap ba yo.

 

 

Places & Spaces

Hotel Mont Joli (Cap-Haitien)

Hotel Mont Joli (Cap-Haitien)

The Mont Joli Hotel is situated on a mountainside overlooking the city of Cap Haitien. The hotel is...

Sidebar Ad 2

Vybezz Music

Photo

Compas Festival 2018

Compas Festival 2018

Check out the latest pictures...

Like Us

Follow Us

Upcoming Events

JoomShaper

Vybezz App download

Like what you see?

Close

Hit the buttons below to follow us, you won't regret it...