Manchu Crick Players
www.yoursite.com
Follow your players and get updated as it happens.
Lumia Football Gru
www.yoursite.com
Follow your players and get updated as it happens.

Eske ou konnen tout sa w ka fè ak GRENN zaboka ??

Written by 

  Eske ou konnen tout sa w ka fè ak GRENN zaboka ??

                   Grenn zaboka sèvi zorye anba latcha , aswè a m’… LOL. Ou konn ti chante sa, Pa vre ? Zaboka se yon frui ki gou e ki bon pou sante  w. Ou pa fè yon lide ke grenn li w’ap jete  a ou ka manje l’  paske li gen anpil valè tankou frui  a. Ou ka mete l’sou po w , pou trete pwoblem doulè , pwoblèm atikilasyon ak pwoblèm nan mis yo.

 Mwen pral di w koman ou ka itilize grenn zaboka a , yon fason pou w  pwofite anpil de li kom tretman natirel pou maladi ak moun ki vle  kase vant yo.

 Ou prè ?

 Men sa  ou ka benefisye nan grenn zaboka a

 Se yon antiwoksidan, li fè prevansyon vyeyisman selil yo Li fè prevansyon maladi kè. Li ranfose defans iminitè ko a ,epui li ede konbat maladi moun pran nan mikwob, djondjon ak parazit. Li ede moun ki vle pedi grès  ( fè dyèt) paske frui zaboka genyen anpil grès.Li trete dyare ak inflamasyon. Li ede gason ki pa sou sa  e fanm  ki pa sou gason ( libido) donk li afwodizyak. Li bon pou fatig. Li soulaje pwoblèm jwenti ( atikilasyon ) ak pwoblèm mis. Li ede moun ki gen malkadi ( maladi tonbe ). Li pèmèt ou elimine bouton ak klou lè ou mete l sou po, li seche pij la rapid. Li bon pou moun ki gen twoub glann tiwoyide. Li pèmèt moun rete jèn lè w mete l sou po ko w. Li favorize fomasyon kolajen. Li ede moun ki asmatik

 

Fason ou ka itilize li

 ATANSYON !!! tanpri pa manje grenn zaboka a anpil paske li ka fè nou konstipe ( pa ka poupou )

 Grenn zaboka a gen gou anmè paske li kapab geri nou. Pou nou manje , retire ti po mawon ki sou li a . Rape l epui mete l griye sou dife.  L’ap vin tou wouj. Konsa Ou ka:

 mete l bouyi pou fe dite pandan 10 minit . Bwe l pandan tout jounen an.Itilize l kom akonpayman  nan salad,ragou,soup,espageti, diri , eks Enpotan : Si ou moulen grenn zaboka a epui ou melanje l ap farin ak fromaj l’ap ba ou pwazon pou rat.

        Divès Fason ou ka mete li sou po

 Koupe grenn zaboka a an ti moso. Mete l tranpe nan alkol pandan yon semenn. Ou ka itilize alkol sa pouf è masaj ak friksyon sou kote w santi doulè atikilasyon ak mis yo.Si w gen tèt fè mal , fè yon ti masaj tou piti nan letanp ak bo kote sevo  a .Avek poud grenn zaboka a ou ka prepare yon pat . Wap depose sou bouton ak klou . Y’ap seche rapid. Melanje poud la ak dlocho jiskaske li ba ou yon pat . Mete pat la nan yon twal gaz .Depoze sou pow pandan 5 a 10 minit jiskaske pat la  sech . Fè sa chak jou ,wap jwenn bon rezilta.Pou fè cheve klere e pou retire kap : rape grenn nan kri, san w pa griye l’.Melaje l ak lwilmaskriti epui ki te l poze pandan yon jou. Ansuit friksyone po tet la avè l’ . Kouvri tèt ou avek yon sèvyèt oubyen yon kapichon transparan .Apre inèdtan rense cheve w. Pa fè trètman sa ,si w gen cheve gra.Ou ka depoze poud grenn zaboka a direkteman sou po a po fè l kenbe.

 

 

 

Read 11304 times

Places & Spaces

Hotel Mont Joli (Cap-Haitien)

Hotel Mont Joli (Cap-Haitien)

The Mont Joli Hotel is situated on a mountainside overlooking the city of Cap Haitien. The hotel is...

Sidebar Ad 2

Vybezz Music

Photo

Compas Festival 2018

Compas Festival 2018

Check out the latest pictures...

Like Us

Follow Us

Upcoming Events

JoomShaper

Vybezz App download

Like what you see?

Close

Hit the buttons below to follow us, you won't regret it...