Pa gen 1e Janvye san soup joumou. Pou ayisyen natif natal parèyanm yo, soup joumou an raple nou premye manje lendepandans la.Kisa tradisyon an fè nou konnen ?
Se enperatris Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines ( se tout non li) ki te fè l’ epi mande separe soup sa bay tout moun agogo jou 1e janvye 1804 la jiska 7 janvye. Se te kè kontan toupatou.Soup la senbolize viktwa ak libète. Selon pwofesè Bayyinah Bello, madan Dessalines te jwenn nan joumou an, yon manje ki pou kenbe solda yo djanm pandan plizyè jou paske nan moman ayisyen t’ap fete a,peyi te manke resous agrikòl apre lagè endepandans. Soup joumou an non sèlman se manje linyon tout pitit tè a( nèg ak milat ) men li se senbòl pataj.Jouk jounen jodya , chak premye janvye vwazen ak vwazin voye bòl ale, bòl vini. Ayisyen kenbe tradisyon sa a.
Gen anpil nan nou k’ap mande poukisa se joumou an ?
Eske soup joumou an pa genyen éfè mistik ?
Repons la se WI.
Nan fouye zo nan kalalou mwen dekouvri ke se pa ayisyen ki premye sèvi ak joumou an pou fè mistik. Rityèl sa te fèt 4mil lan (4000 lan) avan Claire Heureuse te pwopoze Dessalines li. Nan mitoloji pèp sèlt la ( Celte ) yo sèvi ak joumou pou selebre yon fèt ki rele Samain. Fèt sa a se yon fason pou make tranzisyon yon sezon a yon lòt. Pèp sèlt la ( Celte ) an majorite Ilandè ( Irlandais) emigre Ozetazini, kontinye fete fèt sa jouk jounen jodya. Yo selebre l’ chak 31 Oktòb ak 31 Desanm. Fèt sa vin transfòme an alowin ( Halloween ) nan peyi Etazini. Si nou byen gade ,n’ap wè nan Alowin ( Halloween ) toujou gen yon joumou ( potiron ) ki gen limyè k’ap klere ladan.
Donk sou plan mistik, joumou an atire anpil antite ak jeni.Listwa Jack Stingy ( Jack-O’- lantern ) nan peyi Iland ( Irlande ) fè nou konnen ke plant la ka ede nou jwenn fòs ak enèji epitou pirifye nanm nou pou tout move zak nou fè nan ane pase yo oubyen nan lòt vi ( pou moun ki kwè nan reyenkanasyon ).
Soup joumou an genyen yon valè tradisyonèl, yon valè mistik.
Kite m’ pataje ak nou byenfè li sou sante nou.
Joumou an se yon plant ki rich an :
-potasyòm
– Vitamin A
-Li bon pou fonksyònman entèsten nou
-Li diminye risk pou fè kansè paske li genyen( Caroténoïdes)
-Li antiwoksidan ( li kenbe nou jèn gras a koulè jòn nan )
-Li bon pou pwostat
-Li redui risk pou fè maladi kè
-li gen fosfò ( ki kenbe zo yo ansante )
-Li gen magnezyòm, Fè,Zen, Manganèz , kuiv , Vitamin B2 , Asid palotenik, Vitamin C, Vitamin E.
Ou kapab itilize joumou pou fè vizaj ou bèl. Li ede po a sikatrize pi vit. Li bon pou moun ki boule sou po.
M’ap raple nou ke premye soup lendepandans la pa te gen vyann ladan akòz pwoblèm ekonomik.
Jounen jodya a li genyen kawòt,pòmdetè, yanm,espageti,makawoni, vyann bèf.Pou mwen menm , mwen toujou mande pou yo ajoute donmbòy nan kinanm nan.
Si w’ vle achte yon bon JOUMOU 100pou100 lokal klike sou ekriti wouj la.
Fòk mwen di w’ tou ,lakayanm se pa sèlman 1e Janvye moun bwè soup.Chak dimanch ou ka mete enèji ak soup majik la ak joumou sa
Si w’ vle bwè soup chak dimanch , me yon bon joumou peyi bio 100pou100 natirèl ( klike sou ekriti wouj la).
Vladimir Tony
This email address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it.